www.fgks.org   »   [go: up one dir, main page]

Resansman 2020 | Biwo Resansman Etazini

Component ID: #ti1299137381

Prepare Avni W. KÒMANSE ISIT LA.

#9B2743
PATAJE:

Fason pou Reponn Resansman 2020 an

Yon moun nan chak kay dwe ranpli resansman an sou entènèt, nan telefòn, oswa pa lapòs. Konte tout moun k ap viv nan adrès la - tankou nouvo ne, jenn timoun, ak nenpòt zanmi ak fanmi k ap viv ak dòmi nan kay la pifò tan.

Si yon moun ki pa gen yon kote pèmanan pou viv ap viv la premye avril 2020, konte moun sa a.

 

Pran Resansman an sou Entènèt

Kesyonè sou entènèt la disponib kounye a. Si ou bezwen èd, sèvi ak gid yo ki pi ba a. Reponn kounye a

Èske ou Bezwen èd?

Si ou gen kesyon konsènan fasonpou reponn Resansman 2020 an, gen èd disponib pou ou. Sèvi ak videyo gid la ki anba a pou ranpli Resansman 2020 an sou entènèt oswa enprime gid la pou ranpli kesyonè sou papye a.

Pou jwenn èd ak Resansman 2020, oswa pou reponn pa telefòn, rele 844-477-2020. Nou reponn apèl yo nan lang anglè, panyòl, chinwa, vyetnamyen, koreyen, ris, arab, tagalòg, polonè, fransè, kreyòl ayisyen, pòtigè ak japonè.

 

Gid ou pou Resansman 2020 an

Li enstriksyon yo sou fason pou ranpli kesyonè sou papye a.

Download PDF
pdf   Kreyòl Ayisyen   [1.6 MB]

#008556

Kisa Resansman an ye?

Resansman 2020 an konte tout adilt, tibebe, ak pitit k ap viv nan peyi Etazini. Resansman sa a fèt chak dizan nan Biwo Resansman Etazini a, yon ajans gouvènman an.

An overhead look at a suburban community.
#007E8F

Poukisa li Enpòtan

Resansman an bay done kritik ki ka afekteafèkte plizyè aspè nan lavi ou. Lejislatè, pwopriyetè biznis, pwofesè, al lòt moun itilize done sa yo chak jou pou bay sèvis, pwodui, ak sipò nan kominote ou a.

Component ID: #ti54482421

Chak ane, yo depanse plizyè milya dola pou lopital, ponpye, lekòl, wout, ak lòt resous selon done ki soti nan resansman an.

Component ID: #ti6486135

Rezilta resansman an detèmine kantite syèj chak eta gen nan Kongrè a, epi yo itilize yo pou trase limit nan distri vòt yo.

Component ID: #ti7294300

Epitou, Konstitisyon Etazini an egzije li: Atik 1, Seksyon 2, mandate pou peyi Etazini konte popilasyon li chak 10 lane. Premye fwa yo te konte popilasyon an se te nan lane 1790.

#205493

Pwoteksyon Enfòmasyon Prive ak Sekirite

Nou pral itilize repons ou bay yo sèlman pou jenere estatistik.

Woman smiling and using her phone while holding her baby.

Lalwa egzije Biwo Resansman an pwoteje repons ou yo epi kenbe yo totalman konfidansyèl. Sa ki pi bèl la, tout anplwaye an sèmante pou yo pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou yo avi.

Dapre Tit 13 ki nan Kòd Lwa Etazini an, Biwo Resansman an pa gen dwa pataje okenn enfòmasyon ki ka idantifye oumenm, fwaye ou, oswa biznis ou, menm avèk moun ki plase kòm otorite pou fè respekte lwa. Lwa a garanti yo pwoteje done prive ou epi okenn ajans gouvènman oswa tribinal gen dwa itilize repons ou yo kont ou.

#008556

Resansè yo nan Vwazinay ou a

Pandan ane k ap vini an, ou gendwa remake resansè nan vwazinay ou a.

Close-up of a census taker's hand holding a mobile phone.
Component ID: #ti1048087479

Sa a se yon pati nòmal Resansman 2020 an. Ou gendwa wè travayè resansman yo nan zòn ou an pou plizyè rezon diferan:

  • Y ap verifye adrès pou prepare pou resansman an.
  • Y ap vizite kay pou resansman an oswa lòt sondaj Biwo Resansman an.
  • Y ap depoze enfòmasyon sou resansman an.
  • Y ap verifye travay ki gen rapò ak resansman an.

Nan mwa me 2020, resansè yo pral kòmanse vizite kay ki poko reponn Resansman 2020 an pou garanti yo konte tout moun.

#9B2743
X
  Is this page helpful?
Thumbs Up Image Yes    Thumbs Down Image No
X
Comments or suggestions?
No, thanks
255 characters remaining
X
Thank you for your feedback.
Comments or suggestions?